An nou Oganize nou pou pa kite viris sa a pwopaje (update).

Men kek bagay pou nou chanje lakay nou nan moman malè pandye coronavirus la. Nou abitye fè yo. Fók nou sispann yo. Nou ka mete yo nan kek reklam sansibilizasyon radyo, video oubyen youn di lót..

Ou ka reflechi epi ajoute lót refleksyon tou.

Si ou ka li nót sa a , pwobableman ou gen anpil enfómasyon sou coronavirus la deja, men gen milye frè ak sè nou yo ki pa panse a sa.

Pale ak fanmi ou, kominote w, nan radyo sou abitid sa yo ki dwe chanje. Pa tann pou fè sa.

-Goute manje

Pa mete manje nan men w pou goutel

Pran yon kiyè , goutel epi lave kiyè sa a

-goblè / asyèt/ból dwe pèsonèl

Bay chak moun nan kay la yon goblè, asyèt, ból yo. Afè map bwè ti gout kite tigout pou ou, pa nan plas li jodia . Si sa pa posib, chak fwa yon moun finn bwè dlo oubyen ji, manje nan yon asyèt, lave yo anvan yon lót moun metel nan bouch li. Pa pran kiyè moun ap manje pou mete nan bouch ou sou preteks manje a cho oubyen santi bon ou pap gentan pran viris la. Wap gentan pran l.

-Netwaye figi pitit nou

Manman ayisyen yo renmen pase dwèt yo nan lang yo pou netwaye kwen je pitit yo avèk akote bouch yo ki blanch. Pa fè sa ankó. Fè pitit la al lave figil li epi lap tout netwaye kwen je l. Pa mete men nan figi ditou ni nan paw ni nan pa lót moun

-File zegwi

Pa mete fil la nan bouch ou pou ka file li nan zegwi a lè wap koud, mouyel pito ak dlo pou pa kontamine tèt ou.

-gen kek bagay ou pa dwe achte nan lari . Genyen si ou achte ou ka chofe yo sou dife anvan ou manje yo. Pa egz…pikliz, salad, tablèt, kasav, labapen bouyi, kann kale, …..elatriye bagay sa yo mande itilizasyon men anpil… .

Sonje tou manje manje pike ap fè nou touse epi fè je kouri dlo…sa vle di nou ka mere men nou nan je nou. Si ou manjel kanmenm fè anpil atansyon.

– lè ou achte dlo nan sachè oubyen ti kawól krèm, sachè bonbon, sirèt…elatriye lave sachè yo nan dlo kloroks ak savon anvan ou mete yo nan ouvri yo. Epi toujou asire men ou pwop.

-pran abitid bwè ji cho olye wap achte glas nan lari pou glase ji. Dayè likid cho a pi bon pou ou.

-lè wachte gazez, pa jis souyel epi bwèl. Lave yo nan dlo kloroks anvan ou metel nan bouch ou.

-Pa krache atè. Se yon abitid pou nou kite. Si bouch ou konn voye krache lè wap pale, rete a yon distans ki pi lwen de moun wap pale a, respekte distans resp sante yo bay .

– Si ou pral wè yon malad lopital, se pa moman pou mennen timoun avè w. Pran anpil prekosyon paske lopital se la mikwób chita menm.

– si ou sot kote moun ki malad, oubyen nan lari kote ou fwote ak anpil moun, pa rantre nan kay ou ak rad la, kite yo deyó nan solèy, rele moun pote savon epi vide dlo ki gen kloroks sou menm ou, ponyèt ou anvan ou antre nan kay la.

-Anvan ou rantre lakay ou, kite soulye ou deyó, ou pa konn sa w pile nan lari a. Dezenfekte telefón, bous , valiz ki nan men ou, bouk sentiron ou.pou pa pote madichon sa a anndan lakay ou.

-Sispann bobo timoun yo lè nou wè yo fre, bèl. Ou ka di yo ou renmen yo san ou pa bobo yo. Pa bliye , timoun nan ka pote maladi a ba ou byen fasil san li pa gen gwo efè sou li. Lè sa eksplike li sa, lap konprann.

-mesye kap bwè tafia yo. Nan pase boutèy de men an menm pou vide tafia nan vè pa w ou ka pran viris la si youn nan moun yo gentan atrapel. Aranje nou pou konnen jan nap fèl pou nou pwoteje youn lót.

-moun kap fimen yo

Pito ou achte yon póch sigaret olye yon grenn . Men ou ale direk direk nan bouch ou ak sigarèt la. E si ou achte yon poch, tou pase yon ti sevyet ki gen dlo, savon ak kloroks sou poch la tou(li an plastik li pap chire) anvan ou louvri li pou pran yon grenn mete nan bouch ou. Epinasire mennou pwop. Se yon bon okazyon pou kite fimen 🤫.

-pa bay timoun yo lajan pou achte nan men machann yo nan lari a. Pa voye timoun yo al achte pou nou..li pap gen refleks pou pran tout prekosyon yo epi lap pote viris la ba ou anndan kay la.

-Pa mete sachè ki soti nan mache, maket anndan lakay ou, sou tab la. Kite yo deyó. Lave pwodwi ou sot achte yo byen lave ak dlo kloroks, savon anvan ou rantre yo nan kay la

-pa rele timoun yo vinn ede ak acha ou sot fè. Se yon bon fason pou redwi risk pou viris la pa rantre anndan lakay ou. Rele yon granmoun pito..

Transpótasyon an jeneral:

1)Pou transp piblik yo. Chofè a,mete dlo ak kloroks pou tout pasaje lave men yo anvan yo monte bis la. Dezenfekte kote men touche nan machin nan. Sekirize tèt ou. Wap manyen lajan, lave menw souvan.

2) olye nou pase mizik video nan bis la, pase video ki pou sansibilize pasaje yo sou pandemi an an kreyól pandan yap swiv mezi sekirite yo

3)pou transpó kamyonet, taksi machin ak moto, mete galon dlo ki gen kloroks ak savon li nan machin yo. Chofè taksi moto yo , mache aknti bidon nou ki gen dlo, kloroks ak savon. Pasaje yo responsab pote boutéy dlo ki gen kloroks nan boutey plastik epi savon nan valiz pa yo. Chaje galon ak boutèy vid nan tout kote kay tout moun. Pa okipe moun ki diw egzajere wi ou dwe egzajere menm.

Chofè moto pa pote plis ke yon moun pou. Mete chans pa pran viris la bó kote.

-Pompis yo, mete dlo ou ak savon kote nou. Men nou pral nan lajan toutan.

Pou machann nan lari yo

1) machann pistach, pa kale psitach la, pa pran li ak men w, pran li ak yon mezi ki gen manch. Mache ak ti galon dlo ou ak kloroks ak savon pou lave men w apre ou finn touche kob yo.

2)machann kann kale pa kale kann ankó. Moun ki achte kann nan lavel ak dlo kloroks ak fab byen lave oubyen pa manje kann nan lari ditou.

3)Machann fritay , manje kwit, mete yon bokit dlo akote w ki gen kloroks ak savon. Asire w men ou lave pwop apre ou finn touche kob la, asire ni men moun kap achte manje a lave. Se sel fason pou asire biznis lan ap kontinye mache depi moun pa malad. Pa bliye Lave menm w apre ou touche kob ou

4)Machann kafe ak pen

Bokit dlo kloroks ou ak savon lave dwe bó kote w. Pa manyen pen yo ak men w. Oubyen pase pen an sou dife anvan ou vann li bay kliyan an.

Machann pèpè yo .Evite pousyè rad yo ki ka fè je nou grate nou. Nou ka gen tandans al grate je nou.

2)Machann ze bouyi ak fig. Pa kale ze a. Ze a ak Fig la dwe lave ak dlo ki gen kloroks si kliyan ap manje l menm kote a. Men kliyan dwe lave tou anvan li manje si se lakay li li prale avek li

Met ak Metres kay yo

1) fóme jeran, sèvant si nou genyen lakay nou sou koronaviris la pou yo ka ede w pi byen epi fóme moun lakay yo. Se yo nan anpil ka ki al nan mache, fè manje.

2) fóme timoun yo bonè sou pandemi an.

3)pa kite timoun yo jwe ak lot timoun sou katye yo. Kenbe yo nan kay la. Timoun yo ka pran viris la fasil epi pote viris la ba ou menm lè viris la pa aji sou li.

4)pa fè ji ak men nou pou nou ka redwi risk atrape viris la, lave fwi byen lave avek dlo ki gen kloroks epi manjel, gen mwens risk

-kouzin, matant, manman yo, Pa kase ti moso siret bay timoun yo moso. Senyon mwaye ou ka pwopaje viris la.
-Pa mete bros a dent yo menm kote nan kay la. Si yon moun malad pou pa simaye viris la nan kay la. Sèvyèt yo dwe separe.

3) Prepare bokit dlo ak kloroks, metel akote pot la ki fasilite moun kap rantre lave men yo. Netwaye pot yo kote men moun ka touche sitou pót devan ak dèyè kay, pót twalèt, pot kwizin kote moun pase anpil. Mete kloroks ak dlo nan twalet, nan kwizin. Veye timoun yo ak kloroks la pou yo pa bwèl. Montre chak moun pou yo pase sèvyet ak kloroks nan robinè ak kote yo flush la. Si se twalèt bwa, lavel ak bon dlo fab ak kloroks.

Kloroks ak dlo dwe pi bon zanmi nou genyen.

5)Pa pè ni jennen di moun pa ka rantre lakay ou, ba w akolad, bo w bó figi w. Mwens vizit pi bon paske mwens moun.

6) depi kounye a bay chak moun afè pa yo, dra , tet zórye, kabann(pou sa ki kapab yo). Chak moun dwe mete bwós a dan li apa.

Konsidere tout moun sispek, menm si se anndan lakay ou,toutan viris la poko disparet.

7) Pa kouri bobo mari madanm timoun lè ou antre..lave men ou anvan. Mete rad ak soulye nou te pran lari deyó kay la, netwaye telefon, centiron, bous nou ….E si ou sispek yon moun ou te ak li ka pran, mete ou apa nan kay la pou pwoteje lot moun yo pandan wap swiv sante w epi rele responsab nan leta a ki okipe de ka coronaviris la.

8) Si moun nan mouri lakay ou e li te malad rele sèvis konsène pou konnen sa pou fè. Men an nou swete pa rive la. Nan antèman rete a distans youn lot. Si ou konn pran kriz rete lakay ou.

Kisa ankó?

1) Sonje se yon moman difisil ki pote anpil stress. Mete tèt nou an plas. Tankou gen moun lè yo strese yo manje zong yo, mete men yo nan machwè yo, koumanse chanje abitid sa a.

2) Anpil fwa medam yo kap travay nan stidyo bote yo, oubyen moun kap mete woulo lakay yo, nou konn mete pens cheve nan bouch nou lè nap mete woulo, pa fè sa ankó.

3) pa kite zong yo long. Koupe yo kout.konsa lè nou lave men nou pou men an ka pi pwóp.

Lót abitid:
1)Plim poul pase nan bouch, mete nan zórèy, pou anpil moun li dous, men kite abitid sa a pou pa pran viris la.

2)Anpil moun mete dwèt yo nan bouch yo lè yap konte lajan pou dekole fèy lajan an p fè sa.

3) Manje tomtom ak kalalou ak men nou, pa fè sa.

4)Sispann mete laptop sou kapann ou dómi epi netwaye l souvan.

5) makiyaj fè nou mete men nou nan figi nou sitou lè nap pase kreyon anba je nou. Sonje viris sa a ka antre anndan ou pa lentèmedyè je w. Kite makiyaj la nan moman sa a pou pa manyen figi w oubyen pran anpil prekosyon.

6) Si wal achte medikaman, manje , ale nan maket, mache, epicerie, reflechi ke gen moun ki manyen pwodwi sa yo, netwayel ak yon sevyet ki gen dlo kloroks, lave men w. Anvan ou antre ak yo nan machin ou.

17) Pa pataje ecouteur, telefon ak moun, kelkeswa moun nan

18) Moun krache atè anpil. Pa fè sa ankó sinou te konn fèl. wap pwopaje viris la.

19) Si ou gen kichoy patajel ak lot la. Pa iye se kore youn lot ak yon bel mouvman solidarite ki ka ede youn lot.

Viris la fè gwo dega nan gwo peyi, paske anpil peyi yo pat pran li oserye. Nou pa gen sistem yo genyen nan peyi sa yo. Mete tout chans bó kote w pou li pa rantre lakay ou oubyen pou li pa fè kantite dega pou li ta fè.

Nou ka rive fè mwens dega si nou respekte kek pwen pi wo yo. Pi bonè se granm maten. Sèl fason pou pa panike, se planifye davans epi ede moun, katye w ak kominote w nan enfóme yo.

Ou gen lót pwen ou ka ajoute , mete yo epi pataje yo.

Guerda L Constant

Pou sèvi w

7 thoughts on “An nou Oganize nou pou pa kite viris sa a pwopaje (update).

    • Hi Gulnara . Doing good so far. The situation is not alarming now, but people are worried. Praying that this virus do not come t,o Haiti. We can’t handle it, but we are doing our best so far..please share with all haitians you know.

      Like

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Google photo

You are commenting using your Google account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s